Baz la / Home Page
Join our mailing list
Ayiti
Haiti Info
Alternate News Links
Lòt Sous Nouvèl
Koute emisyon Lakou New York
Listen to our Radio show
Ti Boutik "Lakou New York"
Check out our Shop
Gwo Dosye
Abuse at PS 34
Ede n Pote Chay la
Support our Work

 

6-1-05

Nòt pou Laprès
Gaye Prese Prese

Pou verifikasyon:
Dahoud Andre, 718-848-0303
Ernst Janus, 718-703-9780

Kominote Ayisyen nan New York la pèdi yon gason vanyan!

Se ak anpil lapenn, anpil dlo nan je n ap anonse kominote Ayisyen nan New York la pèdi yon gason vanyan, yon patriyòt konsekan ki pa t janm met dlo nan bouch li ni machande fòs li ak kouray li nan sèvis Peyi D Ayiti ak kominote Ayisyen nan New York la kote l t ap viv epi milite pandan plis pase 50 lannen. N ap anonse lanmò Kamarad Weber Rochemont. Kamarad Weber fè travèse li Lendi ki te 30 Me 2005, nan apatman li nan Manhattan.

Depi apre lanmò madanm li, Germaine, Kamarad Weber ap viv pou kont li epi l pa t gen pitit, ni fanmi pwòch. Jodi a, se san bat je epi ak anpil lonè, n ap ranmase responsabilite n pou n bay gason vanyan sila a yon lantèman kòrèk. Pou ede kouvri depans yo, nou pote koze a devan kominote a paske tout sa Kamarad la te genyen li te envesti l nan batay pou peyi a epi pou kominote sa a. Nou mande tout moun ki te konprann epi apresye travay Kamarad Weber a pou bay sa yo kapab. N ap travay pou fè vèy la Vandredi 10 Jen, 2005, epi lantèman an Samdi 11 Jen, 2005. N ap travay pou vèy la ak lantèman an fèt Vandredi 10 ak Samdi 11 Jen 2005. Nou pa gen okenn dout kominote a ap reponn alapèl pou tout bagay yo fèt kòmsadwa.

Kominote a kapab rele epi pote kontribisyon yo nan bisnis ak òganizasyon ki nan lis ki anba tèks sila a. Lè ou bay kontribisyon ou, moun ki pran l nan men ou nan ap ba ou yon resi. N ap aksepte kontribisyon sou fòm kach ak "money order". Osito aranjman yo rive finalize n ap fè tout moun konnen ki kote epi ki lè sèvis yo ap fèt.

Zanmi Kamarad Weber yo ki antreprann travay la remèsye kominote a davans.

Unity Cool
4021 Avenue J
Brooklyn, NY
718-377-2171 oswa 917-337-6702

SELA / H.I.D.C.
1218 Flatbush Ave, 2nd Floor (Cor. Ditmas Ave.)
Brooklyn, NY 11226
718-284-0889

La Difference Auto School
836 Rogers Ave (bet. Church and Albermarle)
Brooklyn, NY
718-693-2817

Georges Barber Shop
890 Amsterdam Avenue (bet. 103 and 104)
New York, NY
212-749-8130

Moun k ap bay kontribisyon yo sou fòm "money order" kapab fè li sou non "H.I.D.C." epi renmèt li nan nenpòt kote k ap ranmase kontribisyon yo.

 

Pou kontake nou:
Tel: 718-907-0484
Email: lakounyenfo@yahoo.com
Drapo nou tèt anba paske peyi a okipe. Se responsabilite Ayisyen pou drese drapo Desalin nan.
Our flag is upside down because our country is under foreign occupation. Haitians must remedy this situation.