6-7-05


Nòt pou Laprès
Gaye Prese Prese

Pou verifikasyon:
Dahoud Andre, 718-848-0303
Ernst Janus, 718-703-9780

Anons Vèy ak Lantèman Kamarad Weber

Gwoup zanmi Kamarad Weber yo ki te chita pou pran responsabilite lantèman konpatriyòt la ap di kominote a yon gwo mèsi pou sipò li gen tan pote nan konbit pou kominote a bay Kanmarad la yon bèl lantèman. N ap anonse nan mwens ke yon semèn, nou jwenn pwomès ki depase $10,000 epi kòb ki deja rantre nan men nou an rive ase pou n asire sèvis nou te prevwa a. Nan pwen nou ye la n ap anonse ke n pa p pran nouvo pwomès men n ap mande tout moun ki te deja pwomèt pou yo bay kontribisyon yo te pwomèt la. Nou pwomèt kominote a yon rapò detaye sou tout kòb ki rantre nan men nou epi tout depans nou fè yo.

Vèy la Vandredi 10 Jen 2005 soti 5 pm pou rive 9 pm. Lantèman an ap fèt Samdi maten, 11 Jen, 2005, 9 am pou rive 10:30 am. Tout sèvis yo ap fèt nan Matthew Barrett Funeral Home ki chita nan 1204 Nostrand Ave (kwen Hawthorne Street) nan Brooklyn nan. Se Frantz Daniel Jean Funeral Services ki ap responsab sèvis yo.

Ap genyen yon resepsyon apre lantèman an. Nou mande kominote a pou l rete alekout pou n jwenn dènye detay sou ki kote epi ekzakteman a ki lè resepsyon an ap fèt.

Nou ankouraje kominote a pou l soti angranjan, mennen tout fanmi an, timoun yo sitou, pou n vin rann Kanmarad la tout respè li merite.

Ayibobo pou Kamarad Weber ki te konnen l pa t ap travay pou gran mesi epi Ayibobo pou kominote a ki chanje chemiz pou moun ki swe pou li.