|
Alternate News Links
Lòt Sous Nouvèl |
||||
|
Ti Boutik "Lakou New York"
Check out our Shop |
Ede n Pote Chay la
Support our Work |

Deklarasyon Lakou New YorkLapolis arete Jounalis Kevin Pina ak korespondan Lakou New York la,
Jodi Vandredi 9 Septanm nan, nan zòn 6:30pm, korespondan emisyon Lakou New York nan Pòtoprens, Jean Ristil, rele nou pou fè n konnen lapolis abiye toudenwa ak kagoul nan figi yo ansanm ak yon jij depè t ap opere yon desantdelye nan legliz St. Klè nan Ti Plas Kazo, legliz Pè Gerard Jean-Juste responsab. Lapolis debake nan presbitè a mete tout bagay tèt anba. Yo kraze òdinatè epi detwi anpil bagay anndan presbitè a. Fidèl yo nan legliz la ak popilasyon zòn nan te rele toupatou pou moun pote yo sekou. Pami moun ki te debake yo te gen jounalis Meriken Kevin Pina, ki se korespondan pwogram radyo Flashpoints epi yon moun ki fè fim dokimantè. Jean te rele nou pou lage koukouwouj, fè lemonn antye konnen asasen yo te fenk arete Kevin Pina anndan presbitè a poutèt li t ap mande yo dekiprevyen fouy yo t ap fè a. Imedyatman apre Jean fin fè repòtaj bay Lakou New York kriminèl yo arete l tou. Nou te pataje repòtaj sila a ak Radyo Pa Nou, Radio Soleil, Radio Sanba, ak Radio Lakay. Emisyon Lakou New York denonse kondisyon restavèk peyi nou kote
etranje ak kolaborasyon Ayisyen restavèk enstale yon okipasyon,
ponn yon gouvènman san fwa ni lwa epi ba li lisans pou arete,
touye, koupe rache jan l vle. N ap denonse arestasyon gwo ponyèt
Jean Ristil ak Kevin Pina menm jan ak plis pase milye lòt yo
arete san manda, san yo pa menm bezwen fè yon similak jijman. Aba okipasyon peyi Desalin nan! |
Atik Associated Press sou arestasyon anFriday, September 9, 2005 · Last updated 8:53 p.m. PT Police in Haiti arrest two journalists PORT-AU-PRINCE, Haiti -- A Haitian and American journalist were detained Friday by police searching the church of a jailed priest who is considered a potential presidential candidate. Kevin Pina of the United States was detained after filming the police as they searched the church of the Rev. Jean-Juste. Jean Ristil, a Haitian who was working for The Associated Press, was detained as he tried to photograph the arrest. Both men were taken to the police station, where Judge Jean Peres Paul ordered them held on suspicion of "disrespect to a magistrate" and resisting arrest. The judge said the Haitian journalist would probably be freed by Monday, though he did not explain the reasons, and would not say when Pina would be released. Peres Paul said Pina struck him as officers tried to remove the reporter
from the church. The journalist denies striking the judge. The two journalists and a few others went to the St. Claire church in Cazeau, a poor neighborhood of Port-au-Prince, the capital after learning that police were searching the building. Officials refused to disclose reason for the operation, but police at the scene said they were looking for weapons. Jean-Juste, a supporter of ousted President Jean-Bertrand Aristide, has been held since July on suspicion of involvement in the slaying of a well-known journalist, Jacques Roche. Jean-Juste, who has not been charged, denies the allegations. The Roman Catholic priest is considered a possible presidential candidate for Aristide's Lavalas Family party in Nov. 20 elections. |
![]() |
![]() |
|
|
Drapo nou tèt anba paske peyi a okipe. Se
responsabilite Ayisyen pou drese drapo Desalin nan.
Our flag is upside down because our country is under foreign occupation. Haitians must remedy this situation. |
||