"Lakou New York" se yon inisyativ Ayisyen k ap viv nan lakou New York nan peyi blan Meriken pou n mache chache, fouye, ranmase epi pote yon lòt kalite enfòmasyon pou pèp Ayisyen an. Nou pote enfòmasyon sou sa k ap pase atravè lemonn antye, koze lakou a epi koze peyi D Ayiti ak analiz ki pa sanble ak sa y ap jwenn lòt kote. Nou demele nou pou n mete mikro nan bouch moun lòt medya mal pou bay lapawòl. "Lakou New York" pa jennen di kareman n ap fè yon travay patizan. Nou kanpe bò kote mas pèp Ayisyen ak tout malere atravè lemonn antye pi gwo ap kraze men ki ap mennen yon batay pwennfèpa mò rèd pou yon lòt jou ka jou. N ap travay pou n rive ansanm ak pèp Ayisyen nan kalfou kote n ap rive ranmase epi pote kòmsadwa eritaj zansèt nou yo mouri kite pou nou an.
Anplis enfòmasyon ou ap jwenn nan sit entènèt "Lakou New York" isit la, ou ka koute emisyon radyo nou fè ki pase nan Radyo Pa Nou Lendi pou rive Vandredi soti 1-2pm. Emisyon sa a retransmèt nan menm lè a nan Radio Haiti nan Philadelphia, Radio Trans-Caribbean ki nan Fort Pierce nan Florida epi nan Radio Caribe ki nan Atlanta. Apati Lendi 23 Fevriye 2009 Lakou NY transmèt nan zòn Nò a anndan peyi D Ayiti atravè Radyo Atlantik Haiti (www.atlantikhaiti.com)
Koute emisyon "Lakou New York" , ankouraje fanmi ou ak zanmi ou pou koute, epi ankouraje radyo Ayisyen nan zòn kote ou ap viv la pou retransmèt li. Pou resevwa bilten enfòmasyon "Lakou New York" nan bwat email ou oswa pou pataje opinyon ou ak nou voye yon email pou nou nan nan lakounyenfo@yahoo.com oswa klike sou adrès anba a:
![]() |
![]() |
|
Drapo nou tèt anba paske peyi a okipe.
Se responsabilite Ayisyen pou drese drapo Desalin nan.
Our flag is upside down because our country is under foreign occupation. Haitians must remedy this situation. |