Baz la / Home Page
Join our mailing list
Ayiti
Haiti Info
Alternate News Links
Lòt Sous Nouvèl
Koute emisyon Lakou New York
Listen to our Radio show
Ti Boutik "Lakou New York"
Check out our Shop
Gwo Dosye
Abuse at PS 34
Ede n Pote Chay la
Support our Work

Bèl Bonjou

Nou kontan ou pase nan sit "Lakou New York"

We welcome you to "Lakou New York"

(click for English)

Click here to help in the efforts of Lakou NY and Haitian Women for Haitian Refugees
to help in Mapou, Site Solèy, and Jakmèl


Kabarè, Ayiti 12 Septam 2008

Tanpri klike isit pou konbit Lakou NY ak Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
ap fè pou ede viktim siklòn yo nan Mapou, Site Solèy, ak Jakmèl

"Lakou New York" se yon inisyativ Ayisyen k ap viv nan lakou New York nan peyi blan Meriken pou n mache chache, fouye, ranmase epi pote yon lòt kalite enfòmasyon pou pèp Ayisyen an. Nou pote enfòmasyon sou sa k ap pase atravè lemonn antye, koze lakou a epi koze peyi D Ayiti ak analiz ki pa sanble ak sa y ap jwenn lòt kote. Nou demele nou pou n mete mikro nan bouch moun lòt medya mal pou bay lapawòl. "Lakou New York" pa jennen di kareman n ap fè yon travay patizan. Nou kanpe bò kote mas pèp Ayisyen ak tout malere atravè lemonn antye pi gwo ap kraze men ki ap mennen yon batay pwennfèpa mò rèd pou yon lòt jou ka jou. N ap travay pou n rive ansanm ak pèp Ayisyen nan kalfou kote n ap rive ranmase epi pote kòmsadwa eritaj zansèt nou yo mouri kite pou nou an.

Anplis enfòmasyon ou ap jwenn nan sit entènèt "Lakou New York" isit la, ou ka koute emisyon radyo nou fè ki pase nan Radyo Pa Nou Lendi pou rive Vandredi soti 1-2pm. Emisyon sa a retransmèt nan menm lè a nan Radio Haiti nan Philadelphia, Radio Bicentenaire nan Providence, Rhode Island, Radio Trans-Caribbean ki nan Fort Pierce nan Florida epi nan Radio Caribe ki nan Atlanta.

Koute emisyon "Lakou New York" , ankouraje fanmi ou ak zanmi ou pou koute, epi ankouraje radyo Ayisyen nan zòn kote ou ap viv la pou retransmèt li. Pou resevwa bilten enfòmasyon "Lakou New York" nan bwat email ou oswa pou pataje opinyon ou ak nou voye yon email pou nou nan nan lakounyenfo@yahoo.com oswa klike sou adrès anba a:

Pou kontake nou:
Tel: 718-907-0484
Email: lakounyenfo@yahoo.com
Drapo nou tèt anba paske peyi a okipe. Se responsabilite Ayisyen pou drese drapo Desalin nan.
Our flag is upside down because our country is under foreign occupation. Haitians must remedy this situation.